top of page
shutterstock_1439349791.jpg

Diabetes

Diabetes Management in Marietta, GA

 

Kisa dyabèt la ye?

 

Anjeneral Maladi dyabèt la se yon twoub metabolik, li anpil fwa mele ak konsomasyon sik epi ak lòt kalite manje ke yo chwazi, men verite a pi plis, pi gro e pi konplike ke sa, epi plizyè lòt bagay ka kòz yon moun devlope l.

 

Dyabèt gen anpil koneksyon avek sikilasyon san nou. Men lè nou soufri maladi dyabèt se pankreya nou ki vin pa kapab pwodwi kantite ensilin ki pa sifi pou ede kò a trete glisemi an ou byen sik la. Sa vin fè ke sik ki nan san an rete antase nan sistèm nan ki pral pèmèt yon pil move siy parèt sou sante nou, e menm ka rive touye nan ka ki pi grav yo.

 

Dyabèt la plis ke yon sèl twoub. Li divize nan 3 kategori prensipal. Gen sa yo rele dyabèt tip 2 a li pi fasil pou jwenn. Se lè kò a pa rive pwodwi ase ensilin, sa a ka rive jere gras a bon abitid nou ka bay tèt nou nan fason nou manje, nan egzèsis regilye ke wap fè avèk medikaman doktè w ka preskri w.

 

Dyabèt tip 1 an li menm se lè kò a pa ka pwodwi ensilin ditou. Pou pasyan an ka rive fè fas a sa anpil fwa li vin nesesè pou pasyan an resevwa ensilin  nan yon piki ke yo ap ba li chak jou avèk lòt medikaman ankò.

 

Finalman, ou ka devlope sa yo rele dyabèt jestasyonèl. Dyabèt sa devlope nan moman gwosès. Anpil fwa se pou yon ti bout tan, men se toujou yon maladi grav ki ka afekte sante manman ak tout sante pitit li pral fè a, dyabèt sa merite swen medikal yo.

Kèlkeswa tip dyabèt ke w soufri a ou byen si yo fè dyagnostik ke ou sou wout devlope dyabèt, yon plan pou resevwa swen ak bonjan trètman ap nesesè.

 

Ki siy Maladi dyabèt la?

Pou anpil moun

Maladi Dyabèt la pa yon senp maladi ki jis parèt konsa. Anpil fwa gen anpil siy ki devlope kay moun ki devlope maladi a, konsa sa ka tounen yon pwoblèm, epi gen anpil siy ki ap revele tout bon ke ou bezwen swen medikal yo.

 

Anpi fwa siy yo kòmanse parèt kay moun ki sou wout pou devlope maladi dyabèt oswa moun ki gentan gen maladi an. Se poutèt sa anpil fwa se sentòm yo moun yo remake an premye, se sa ki fè, si ou remake siy yo ou dwe ale konsilte yon doktè san pèdi tan, konsa ou ka gen plis chans pou jere maladi an.

 

Siy yo se anvi pipi souvan, epi swaf anpil, yon chanjman sibit de kantite pwa ou pran osinon pwa ou pèdi, san ou pa menm ka eksplike. Si ou ta wè ke siy sa yo ap devlope lakay ou li enpòtan anpil pou pran yon randevou avèk yon doktè ki kalifye pou sa. Sa ta ka rive fè w gen yon chans pou pa ta tonbe malad, osinon menm si ou ta gentan gen maladi a li ap vin plis fasil pou ou pou jwenn èd pou jere l.

Anpil fwa aprè, konn gen siy ki ki pi grav yo, ki konn parèt lè yo fin dyagnostike maladi a.

Anpil lòt siy kapab parèt ankò tankou yon sansasyon feblès, aprè ou fin manje yon seri manje, osinon lè w pa manje, gro doulè nan plant pye w, yon sansasyon ke w angoudi, gwo tèt fè mal ki sanble ak migrèn ak anpil lòt siy ke tout moun ka wè ka rive sou ou. Pifò moun ki rive nan nivo sa a te déjà fè diagnostik, men si w ta remake san okenn avètisman, ou gen tout siy sa yo, li enpòtan anpil pou kontakte yon doktè san pèdi tan.

Pou fini si ou pa mete sou pye yon plan ki byen fèt, epi chwazi viv yon fason ki ap bon pou sante w ou ka wè sa gen rezilta ki pi grav ki ap parèt ankò. Tankou, ou ka rive pèdi pye wpaske li pap jwenn ase san pou l fonksyone byen, tonbe sibit san konesans, menm lanmò ka rive.

 

Kijan ou kapab trete Maladi dyabèt – swen klinik yo?

Genyen anpil fason yo ka trete Maladi dyabèt, se nan nivo maladi an grav ki pral detèmine ki kalite trètman pou doktè a ba ou. Sepandan li pa bon dutou pou eseye mete sou pye plan pa wpou trete oswa neglije sèvis swen sante ke pwofesyonèl lasante yo ap bay.Dyabèt se yon maladi grav ke ou ka pèdi kontwòl li byen vit epi ou vin pa ka jwenn yon trètman pou li.

Se poutèt sa, genyen 3 fason dirèk ke Maladi dyabèt la ka trete.

Toudabò pou moun ki sou wout pou devlope Maladi dyabèt yo (predyabetik yo) avèk moun ki genyen l men ki pa trò grav plan pou trete yo an pa trò difisil (holistique). Sèlman nan fason wap jere kalite sa wap manje avèk jan doktè a mande w pou manje, epi jan wap fè egzèsis toutan, ka ede jere maladi dyabèt la yo menm, poukont yo. Sa fè nan ka sa yo, doktè a konn bay yon preskripsyon pou achte ensilin avek founiti yo pou si ta gen ijans.

Pou moun ki gentan devlope Maladi dyabèt la nan yon nivo ki grav, mach aswiv pou fè trètman an pi difisil, pi konplike. Pou ka Maladi dyabèt ki grav anpil yo yon rejim alimantè pi sere avèk egzèsis sou kontwòl nesesè. Sa ap diminye risk pou sa pa vini pi grave epi kenbe kò a an sante pou si ka a ta merite yon entèvansyon medikal rapid. Epoutan anpil dyabetik ki nan nivo sa dwe toujou pran ensulin anplis, youn oswa plizyè fwa nan yon jounen selon jan ka a grav. Pasyan an ka rive pran medikaman sa yo gras ak yon zegwi yo mete anba po a, konsa pasyan ka rive pran dòz medikaman an  lakay li.

Finalman, gen yon trètman pou Maladi dyabèt jestasyonèl lan. Erezman anpil fwa se pa yon twò gro pwoblèm. Ka en mwayèn nan dyabèt jestasyonèl yo trete avèk egzèsis epi yon rejim alimantè ki apwopriye, ak medikaman sèlman lè kantite sik ki nan san moun nan vin two wo. Sepandan doktè yo toujou egzije pasyan an pou li vini nan vizit pi souvan pou ka kenbe l anba siveyans medikal regilyè pou yo ka asire sekirite manman an ak fetis la.

 

Poukisa swen sante yo enpòtan anpil pou pasyan ki soufri dyabèt lan?

Dyabèt pa yon maladi ke ou kapab eseye trete poukont ou. Se pa yon bagay ou ka jwe avèk li, tankou pou ap eseye pou ap fè erè, paske erè yo ka gen konsekans ki grav anpil. Se poutèt sa li enpòtan a 100% pou kontakte yon doktè pou ka egzamine sitiyasyon w lan epi mete sou pye yon plan pou siveye fason w ap pwogrese chak jou.

Sepandan plan trètman dwe adaptea bezwen w yo, kalite oswa tip dyabèt yo diferan anpil, soti nan yon pasyan pou rive sou yon lòt, epi yon sèl seyans paka fè w bay yon trètman ki apwopriye ak ka a. yon pasyan ka bezwen yon pi bon paramèt egzèsis epi yon rejim, alòs ke yon lòt pasyan ka bezwen plizyè èd medikal pou ka ede yo kontwole Maladi dyabèt li an.

Se poutèt sa, ekip nou ki nan sèvis swen sante nan klinik la, yo devwe epi yo mete anpil tan apa pou ede non sèlman pasyan ki gen Maladi Dyabèt yo, nan yon fason ki pwòp epi espesyalman apwopriye pou yo chak selon bezwen endividyèl yo.

Si ou ta bezwen kèk pi bon konsèy pou ka swiv yon pi bon rejim, osinon pou ka fè plis egzèsis, oswa plizyè kalite medikaman ke yo ta ka preskri w, ekip nou an ap evalye tout bezwen sa yo epi yap ede w avèk yo.

Chak plan pou fè trètman maladi dyabèt ta dwe swiv enstriksyon sa yo ou konsèy sa yo. Anvan menm yo mete yon plan pou ta trete maladi dyabèt la,  yap konsidere gravite maladi an ansanm avèk siy ki afekte kò w espesyalman, konsa yap ka ba ou yon plan pou trete maladi dyabèt pa w la.

Resous

Dyabèt tip 2. (2022, 18 novanm). Enstiti Nasyonal pou dyabèt ak maladi dijestif ak ren.https://www.niddk.nih.gov/health-information/diabetes/overview/what-is-diabetes/type-2-diabetes

Ki sa ki dyabèt? (2022, 7 jiyè). Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi.https://www.cdc.gov/diabetes/basics/diabetes.html

Dyagnostik | ADA. (nd).https://diabetes.org/diabetes/a1c/diagnosis

bottom of page